Sèvis Enformasyon Pou Nou Référé Ou a yon Avoka
Kite nou ede ou Chwazi yon bon Avoka
Rélé (954) 764-8040
Pou Nou Référé ou a yon avoka ki gen eksperyans
- Rélé BCBA nan (954) 764-8040, Lendi á Vandredi ant 9:00 a.m jiska 4:00 p.m
- Email Manager Referral Avoka a
- Vizite Office BCBA (Broward County Bar Association) nan adress 1051 S.E. 3ème Avni, Fort Lauderdale, FL 33316
Sak rivé lè ou rélé direk
Manage a ap
- Mande sa ou bezwen.
- Jwenn yon avoka ki gen eksperyans pou ede ou.
- Bay ou non, ak nimewo avek adrès avoka pou li ede ou.
Konbyen Kob Sèvis la Kouté
Ou pral oblije peye BCBA $50 anvan nou ba ou yon avoka. Nou aksepte lajan kach, Visa, Master Card ak American Express. Lajan kach yo aksepte sèlman nan biwo a BCBA.
Ki sa ki obligasyon m’ yé
Yon fwa ou peye frè administrasyon an, se responsabilite ou
- Rélé avoka-a.
- Konsilté ak avoka nan téléfòn oswa an pèsòn nan biwo avoka a pou 30 minute.
- Peye avoka a dirèkteman pou nenpòt sèvis legal apré 30 minit konsiltasyon.
Pa gen okenn avoka nan biwo BCBA. Ou pa kapab pale ak yon avoka nan biwo BCBA a.
Si ou pa kapab payé pou yon avoka, tanpri alé nan Légal Aid Society biwo a oswa rélé (954) 765-8950. Nou pa gen référans pou avoka gratis.